Istwa mati yo: Apòt Jak

Lanne - 63 apre Kris

Ti Jak se te pitit Alfe avèk Mari Kleyopas. Mari sa a se te sè manman Jezi. Konsa, yo te rele l' « frè Senyè a » (Matye 28.19 ; Mak 16.15).

Malgre Pyè, epi Jak ak Jan (de [2] pitit Zebede yo) te konsidere kòm disip espesyal, Ti Jak te sèvi kòm yon poto mitan nan legliz la apre Jak, pitit Zebede a, te mouri (Galat 2.9).

Apòt yo te sakre Ti Jak kòm premye reskonsab nan legliz Jerizalèm lan. Sa te fèt pa twò lontan apre lanmò Jezikri a. Jak te jere pòs sa a fidèlman pandan trantan epi li te lakòz anpil moun te konvèti. Li te fè sa sitou pamwayen doktrin Kris la ki pi epi san tach, men lavi li te rann anpil moun te konvèti tou akòz li te mennen yon lavi ki te vrèman apa pou Bondye. Se poutèt sa menm yo te di li se te yon moun ki te jis.

Li te kanpe djanm epi li te vrèman sen. Li te viv kòm yon Nazareyen, ni nan abiman li, ni nan manje li. Li te priye chak jou pou legliz Bondye epi pou lemonn lan an jeneral tou.

Apòt sa a te ekri yon lèt pou konsole douz (12) tribi yo ki te gaye toupatou. Men sa li te ekri nan Jak 1.1–2 : « Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m’ap ekri lèt sa a pou douz (12) branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout. Frè m’ yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. »

Malgre li te konsole Jwif yo ki te mete konfyans yo nan Jezikri pamwayen bon pawòl li, lòt Jwif ki pa t’ kwè yo pa t’ ka sipòte doktrin li yo menm. Konsa, Ananyas, ki se te chèf prèt la alepòk, te rele Jak pou l’ konparèt devan jij yo. Ananyas sa a se te yon jenn mesye ki te gen je chèch epi ki te kriyèl anpil. Yo te rele Jak pou l’ parèt devan jij yo yon fason pou yo te eseye konvenk li pou l’ nye Jezi, epi pou yo fè l’ renonse Pitit Bondye a ansanm avèk pouvwa rezireksyon an.

Se sa k’ fè chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo, ansanm avèk Farizyen yo te mete l’ sou tèt tanp lan nan jou Lapannkòt yo pou l’ te kapab rechte lafwa li a devan tout pèp la. Sepandan li te kanpe la devan pèp la, li te konfese kijan Jezi Kris se te Pitit Bondye a, epi kijan Li se Mesi a Bondye te pwomèt pou L’ voye pou sove lemonn. Li te pale avèk anpil konfyans epi li te fè moun yo konnen kijan Jezi ap chita sou bò dwat Papa a, epi kijan Li va retounen sòt nan nyaj yo pou L’ jije ni vivan yo, ni mò yo.

Lè foul moun yo te tande temwanyaj Jak la, yo te louwe Bondye epi te beni non Kris la. Men lènmi levanjil yo te rele : « O, nonm jis la nan erè. Ann touye l’ paske li pa vo anyen. » Konsa yo te jete l' sou tèt tanp lan epi te kòmanse kalonnen l’ ak wòch. Alò, Jak patko mouri malgre li te sòt tonbe epi malgre yo te kalonnen l’ ak wòch. Anba pye l’ yo te kase senpman, epi konsa li te mete ajenou pou l’ priye Bondye. Li te mande Bondye pou L’ padone sila yo ki t’ap kalonnen l’ yo paske yo pa t’ konnen sa yo t’ap fè.

Akòz li t’ap priye konsa, youn nan prèt yo te mande lòt yo pou yo fè l’ gras. Prèt la te di : « Kisa n’ap fè la a ? Nonm jis la ap priye pou nou. Sispann kalonnen l’ ! » Malerezman, te gen yon lòt moun la ki te kenbe yon bout bwa nan men l’. Nonm sa a te bay Jak yon sèl kout bwa nan tèt ! Konsa, Jak te mouri frèt nan bra Senyè a. Yo te antere l’ menm kote li te tonbe a lè yo te voye l’ sòt sou tèt tanp lan.

Sa te rive nan lanne 63 Apre Kris. Li te mouri avèk katrevensèzan, sou reny Newon an. Ananyas se te chèf prèt la lè sa a epi se li menm ki te lakòz yo te aji konsa avèk Jak.

Men sa Apòftègmès te ekri konsènan Jak : « Tèlman li te konn pase anpil tan ajenou nan lapriyè ap mande Bondye pou padonnen peche lèzòm, jenou li yo te gen gwo zanpoud sou yo. Zanpoud yo te tèlman gwo, li pa t’ ka santi anyen nan jenou yo menm. »

Vrèman mati sa a te sen epi te plen avèk sa ki jis !

- Istwa sa a sòti nan yon liv ki rele Martyr's Mirror (Glas Mati yo).

Soti nan: Flanbo Verite A

Detalhes
Idioma
Kreyòl Ayisyen
Editora
Publicadora La Merced
Temas

Voltar à lista