Poutèt amou mèt mwen an

Solèy la t’ap kouche, epi tout syèl la te bèl avèk koulè atiran. Lannwit t’ap desann sou ti mòn yo tankou yon dra ki kouvri yon kabann. Se te yon lokal byen poze, yon kote byen bèl...

Solèy la t’ap kouche, epi tout syèl la te bèl avèk koulè atiran. Lannwit t’ap desann sou ti mòn yo tankou yon dra ki kouvri yon kabann. Se te yon lokal byen poze, yon kote byen bèl. Yon gwo kay fèt an brik te kanpe nan mitan lokalite agreyab sa a. Se yon bèl kay li te ye. Se te pou mèt tè a. Se te yon epòk kote mèt tè yo te genyen gwo moso tè epi bèl mezon. Andedan kay la, nan youn pami gran pyès yo, yon vye granmoun ki te rele Douk t’ap mache do ba. Yon pakèt ane travay te gentan kraze kò mesye a. Koulye a, li t’ap fè sa li te konn fè chak apremidi. Li t’ap mache limen lanp nan tout kay la.

Sa se yon istwa ki te pase Ozetazini nan lane 1880 yo konsa. Gouvènman peyi a te gentan libere tout esklav nan peyi a depi ventan. Liberasyon sa a se te yon evènman ki te toujou rete nan lespri tout moun. Esklav yo te lib koulye a, men genyen detwa ki te chwazi rete ansanm ak mèt yo malgre yo te gen dwa ale kote yo vle. Yo te chwazi rete ap sèvi mèt yo toujou. Se konsa sa te ye pou Tonton Douk.

Tonton Douk t’ap bougonnen pandan li t’ap desann sou yon ti ban kote li te kanpe : « Sanble mwen pa ka rive sou lanp sa a ankò. Li twò wo. » Li te nan gran pyès kay la kote vizitè te konn chita.

Li te kontinye : « Vye zo sa yo pa kapab ankò. Ala yon traka. M’ pa vle kite travay mwen, men sanble m’ap oblije. Pandan senkantan m’ap limen lanp sa yo chak apremidi, epi koulye a, vye kò a pa kapab ankò. »

Konsa Douk te tande yon vwa ki di : « Se dwòl sa, Tonton Douk. »

Ansyen esklav la te pantan. Pou li menm, li te pou kont li nan gran sal la. Je l’ pa t’ tonbe sou pitit fi mèt li a ki t’ap pran repo sou yon gwo kanape bò dife a ki te limen pou chofe kay la.

Jennfi a te tonbe ri lè l’ wè sèvitè a te pantan. Li di : « Padon. Padon. Mwen pa t’ vle fè ou pantan, non. M’ konnen vye zo sa yo kapab tou kase si ou pantan fò. Ou pa bezwen pè. Se sèl mwen menm ki la, epi ou konnen byen mwen pa t’ap janm fè ou anyen ditou. »

Tout dan vye tonton an te parèt pandan li te souri. Douk te di konsa : « Aaaa. Men wi. Se Madmwazèl Lousi. Mwen konnen ou pa t’ap fè m’ anyen. Menm yon ti foumi atè ou p’ap pile. Men, poukisa ou chita la nan tenèb sa a ? M’ swete se pa kriye ou t’ap kriye. »

Granmoun lan te mache ak pye lou li yo pou l’ rive devan kanape a epi li te panche kò l’ pou li gade vizaj chè Madmwazèl Lousi. Li pa t’ gen dlo nan je l’. Okontrè, li te sanble yon moun ki te alèz. Li t’ap souri.

Madmwazèl la te reponn : « Non, Douk. Mwen pa t’ ap kriye. » Lousi te fè pati yon gran fanmi boujwa. Li te lonje men l’ pou li kenbe men Tonton Douk. Men tonton an te tou nwa. Se te zo ase. Lousi te asire li : « Se pa kriye mwen t’ap kriye. Se kalkile mwen t’ap kalkile isi a pou kont mwen. Mwen t’ap priye tou. »

Se lè sa a jennfi a te kòmanse pale ak plis kouraj. Li di : « Ou konn sa k’ pase, Douk ? Lontan, ou te konn sèvi papa m’ paske ou te esklav li. Se te devwa ou pou sèvi li. Men, ou te jwenn libète lè gouvènman an te pwoklame tout esklav yo lib. Poukisa ou pa t’ pwofite kite papa m’ menm jou li te ba ou papye a ki montre ou libere ? Poukisa ou te chwazi rete ? »

San ezite, vye sèvitè a te reponn : « Poukisa ou mande sa, Madmwazèl Lousi ? Ou konnen poukisa byen pwòp. Ki lòt kote mwen ta prale, en ? Ou konnen mwen renmen mèt mwen. »

Repons nèg la pa t’ konplike, epi li te lakoz yon ti dlo parèt nan je jennfi a. Ak kouraj, Lousi te kontinye pale : « Enben, Tonton Douk, mwen renmen Mèt pa m’ lan tou. Mwen renmen Senyè mwen. Li te bay lavi Li pou mwen, epi koulye a, se devwa m’ pou m’ sèvi Li. » Lousi te mete debou pou li kontinye. « Men koute byen. Mwen pa sèvi Bondye paske m’ oblije. Se vle mwen vle angaje m’ pou Li menm. Se pa peye m’ap peye pou libète Li te ban mwen an. Gen yon lòt rezon. Menm jan ou te di li, mwen renmen Mèt mwen an tou. Byen petèt sa kapab koute m’ tout richès mwen genyen nan lavi sa a. Men, mwen gentan tande apèl Gran Komisyon an, epi mwen gentan reponn : « Wi, mwen prale. » Douk, mwen pral janbe lanmè a pou m’ viv nan mitan pèp lakay ou, nan peyi Afrik. Yo bezwen m’. »

Vye granmoun lan t’ap kriye koulye a.

Finalman, li di : « O ! Chè Madmwazèl Lousi. Ou se yon zanj Bondye voye sot nan syèl la. Mwen renmen Mèt la tou. Mwen konprann sa ou di. Men, kisa mèt Djim pral di nan sa ? » Douk te voye je l’ gade papòt la pandan li te di sa. « Mèt Djim se bon moun li ye. Li toujou bon anvè mwen, men mwen sispèk li pa konnen Jezi, Mèt nou an. »

Koulye a, Lousi Mèndòl te kanpe dwat devan ti granmoun lan. Pandan yon ti moman, li pa t’ di anyen. Apre sa, li di : « Mwen konnen, Douk. Mwen konnen sa li pral di. Mwen gen pou m’ pale avèk li aswè a. Li poko janm konnen sa m’ deside. Men desizyon an gentan fèt, epi mwen prale. » Pandan mo difisil sa yo t’ap sòti nan bouch li, li te tonbe kriye. Anvan lontan je l’ te kòmanse klere. Li di : « Mwen pa pè. Se byen materyèl ase m’ap kite. Jezi te bay lavi Li pou mwen. Konsa, m’ap bay tout sa m’ genyen pou Li. Mwen p’ap janm pè paske se Li menm k’ap pran swen mwen. »

Yo te tande pye k’ap mache nan kay la. Yon moun t’ap avanse sou yo. Douk te vire pou li ale. Li te di : « Men l’ap vini koulye a, Madmwazèl Lousi. Sonje byen, pitit mwen, mwen konprann ou. M’ap nan chanm mwen an ap priye pou ou. »

Konsa ti granmoun lan te lonje men l’ pou li kenbe men jenn madmwazèl la. Men pa l’ te di. Men fi a te swa. Avèk pa ki fèt tou dousman, Tonton Douk te mache kite jennfi a. Se nan menm moman sa a yon gwo potorik gason te antre nan salon an avèk Lousi. Se te papa l’, Djim.

Nan demen maten byen bonè, Lousi Mèndòl te kite kay papa l’. Li te antre chita nan yon cha dèyè cheval. Douk t’ap mache dèyè l’ ak yon malèt ki te genyen ladan l’ tout afè chè Madmwazèl Lousi. Ak dlo nan je, Douk te ranje malèt la dèyè cha a. Lousi te vire gade kay la yon dènye fwa, bèl kay brik la kote li te pase tout lavi li nèt. Apre sa, li voye je l’ dwat devan avèk anpil kouraj. Li pa t’ konnen kisa ki te devan li, men li te deja konfye tout bagay nan men Mèt li.

Senkan te pase. Dizan te pase. Kenzan te pase. Yon seri bèl woz te pouse nan tè a kote yo te antere Tonton Douk. Yon wòch te make kote a. Men sa ki te ekri ak gran lèt sou wòch la : « DOUK – SÈVITÈ BYENNEME POU DJIM MÈNDÒL. » Anba nèt, avèk ti lèt piti, yo te ekri sa sèvitè a te mande yo ekri sou wòch la. Li pa t’ yon gwo koze. Li te senp. Li te brèf. Men dèyè sitasyon an te genyen tout yon gran istwa. Men sa ki te ekri anba : « Li te renmen mèt li. »

Nan bèl kay an brik la, mesye a t’ap viv tou sèl. Li te granmoun anpil. Li t’ap tann nouvèl pitit fi li a. Kenzan te gentan pase depi li te di fi a orevwa. Depi menm jou sa a, li pa t' tande anyen ditou. Li t’ap dakò peye gwo lajan pou l’ tande nouvèl pitit fi li a, pou li konnen ki kote li te ye. Elas. Jou Tonton Douk te mouri a, mesye Djim te resi konprann sa ki rele rann sèvis ak imilite pou Mèt ou a. Li te konvèti. Koulye a, li te vle fè Lousi konnen sa, men sa pa t’ posib. Kanmenm, li te deside li tapral fè tout sa ki posib pou li kontakte pitit fi li a.

* * * * *

Lannwit te tonbe sou rakbwa a tankou yon dra sou yon kabann. Se te yon rak nan kontinan Afrik. Fènwa nan rak la te sifi pou fè yon moun pè. Koulye a, yon koukou t’ap fè bri, epi sa te pi mal toujou.

Nan fon rak la, pami pakèt gwo pyebwa yo ak touf yo, te genyen yon ti vilaj… anviwon senkant (50) ti kay fèt ak tè. Ti vilaj la te genyen yon sèl wout antre sòti. Moun yo te nwa, epi yo te yon ti jan kout. Wout ki te mennen nan vilaj la te janbe yon ti rivyè. Dlo a te debòde ak kayiman. Se ti rivyè sa a ki te koule vide nan yon pi gran rivyè nan yon plenn kote ki te genyen plis moun. Konsa, ti vilaj la te yon ti jan izole.

Jou swa sa, te genyen yon gwo dife ki te limen nan mitan vilaj la. Te genyen prèske trant (30) gason ki te reyini la a. Te genyen yon bagay remakab lakay mesye sa yo. Yo te ajenou ap priye. Se yon gran mirak paske dizan anvan, gwoup sa a se te yon gwoup moun ki te mechan anpil. Vwazen yo te rekonèt yo pou moun fewòs. Alepòk, tanbou lagè yo te sonnen chak swa. Koulye a, se te silans. Pafwa ou te ka tande youn pami medam yo ki t’ap kriye. Medam yo te antoure yon nat ki te atè a bò dife a.

Sanzatann, youn nan medam yo te kite bò nat la pou li avanse pi pre dife a. Gason yo tout t’ap pale ansanm ap mande l’ sa li genyen. Li leve men l’ pou l’ fè yo pe. Li di yo : « Dam misyonè a vle pou nou avanse. »

San yo pa di anyen, nèg yo te avanse. Yo te fè yon sèk toutotou nat la kote byenneme madam misyonè a te kouche.

Lalin te apenn parèt sou tèt pyebwa yo. Limyè l’ te eklèsi moun yo ti kras. Rayon limyè yo te rive sou vizaj madanm lan, yon blan, ki te atè a. Li te granmoun, men li te toujou genyen yon bèlte espirityèl lakay li. Nèg yo ki te bò kote l’ te bese tèt yo poutèt respè yo te genyen pou li.

Dousman, epi avèk difikilte, Lousi Mèndòl te pale avèk yo. Misyonè a te di yo konsa : « Talè mwen pral jwenn Jezi. Se Li menm mwen te vini isi a pou fè nou konnen. Li beni mwen anpil, epi Li beni nou tou. »

Lousi te tande moun ki t’ap kriye pandan li pale.

Li egzije yo : « Non, nou pa dwe kriye. M’ap kite nou, men mwen pa kite nou tou sèl paske koulye a nou konnen Jezi. Li va voye yon lòt moun pou anseye nou plis. Mwen ta byen kontan viv plis pou m’ ede nou pi plis ; mwen santi m’ prèske pa fè anyen. »

Koulye a, madanm lan te fè yon ti rete. Yon doulè te sakaje kò l’ ki te cho avèk lafyèv. Li te priye pou fòs, epi li te kontinye : « Mwen bay Bondye glwa pou sa Li te akonpli. Mwen te vini pou m’ montre nou amou. Mwen santi mwen se youn pami nou. Lè m’ te fèk parèt, nou te di n’ap touye m’. Men Bondye te pwoteje m’. Koulye a, gade sa Bondye fè nan mitan nou. Li netwaye kay nou yo. Li sove lavi pitit nou yo. Li fè nou viv pi byen. Pi gwo toujou, Li ban nou sali. Lè m’ te antre la, nou te payen. Koulye a, pandan mwen prale, nou se yon gwoup Kretyen ki fidèl. »

Souf madanm lan te vin kout. Fòk li pale yon ti jan rapid paske li te konnen lè a te prèske rive pou li.

« Èske nou klè sou poukisa mwen te kite lakay mwen depi Lamerik Dinò pou m’ vini nan mitan nou ak nouvèl Jezi Kris ? Mwen te fè sa paske mwen renmen Mèt mwen. Mwen vle pou nou kontinye sèvi Li menm, paske koulye a nou renmen Li tou. »

Sanzatann, Lousi te pe. Li te remake mesye yo t’ap swiv yon bri bò dlo a.

Lousi di yo : « Ale. Al gade kilès k’ap vini. »

Anvan lontan, nèg yo te retounen ak yon etranje sou zepòl yo. Li te grav. Tout kò Lousi te sou tansyon lè l’ remake se te yon blan parèy li. Nonm lan te genyen yon lèt nan men li. San li pa t’ di anyen, li lonje lèt la bay yon nèg epi li fè yon jès pou yo pote l’ bay misyonè a.

Ak men ki t’ap tranble, Lousi Mèndòl te ouvri anvlòp la ki te make ak non l’. Dlo te koule desann nan vizaj li pandan li t’ap li istwa papa l’ ki t’ap chache pitit fi li a. Wout la te vin twòp pou mesye a, epi li te mouri anvan li te rive jwenn Lousi. Men, anvan li te mouri, li te konfye yon neve l’ pou li kontinye wout la jouk li jwenn pitit fi li a. Yon gran lajwa te debòde lakay misyonè a pandan li t’ap aprann kijan papa l’ te konvèti. Bondye te tande lapriyè li yo ! Lousi pa t’ renmen Mèt li a an ven.

Nan demen, moun yo te antere byenneme misyonè yo a. Avèk èd blan an ki te rive depi ayè, yo te fè yon ti sèvis antèman. Etranje a te chache yon gwo wòch ki te blan epi swa. Li te mete l’ nan tè a kote yo te antere fi a anba pyebwa yo. Moun yo t’ap eseye rakonte tout istwa dam lan pou etranje a, men sa te difisil pou yo paske yo te anvi kriye. Gwo alatèt la pa t’ pale anpil. Men sa l’ te di ase : « Li fè nou konnen li te kite lakay li byen lwen pou l’ anseye nou sou Jezi paske li te renmen Mèt li. »

Lòt misyonè te vini pou kontinye travay Lousi Mèndòl te kòmanse yo. Lòt jenerasyon sa yo te toujou li sa ki te ekri sou wòch la kote Lousi te antere. Men sa ki te make sou li : « LOUSI MÈNDÒL – YON MOUN LAMERIK DINÒ. LI TE MOURI NAN LANE 1900 PANDAN LI T’AP SÈVI WA LI A. » Apre sa, nan ti lèt piti anba, yo te make : « Li te renmen Mèt li. »

—Fayt Frebòn Tounè

Soti nan: Flanbo Verite A

Dettagli
Lingua
Kreyòl Ayisyen
Numero di Pagine
4
Autore
Fayt Frebòn Tounè
Editore
Publicadora La Merced
Argomenti

Torna alla Lista