Nou di n’ap viv nan yon tan ki pwogrese, men ki kote pwogrè a ye lè konsa ? Kote ki gen pwogrè, moun viv byen, yo viv dwat. Kote ki gen pwogrè, se kote ki genyen plis jistis epi mwens vyolans. Kote ki gen pwogrè, se kote moun ap kite dwòg ak alkòl. Donk, èske nou se moun devlope oubyen moun sovaj ?
Ki devwa yon disip Jezi genyen anvè chèf leta yo ? Ki atitid nou dwe genyen anvè yo ? Èske nou dwe obeyi yo toutan san eksepsyon ? Èske genyen ka kote nou bezwen dezobeyi yo ? Anvè kilès moun nou dwe fidèl dabò ?
Diyite lavi se yon bagay k’ap disparèt nan lemonn kote n’ap viv jodi a. Yon fenomèn kèk moun renmen rele « kilti lanmò a » sanble l’ap grandi pi plis dejouwanjou.
Mis la te ban nou lè randevou a byen pwòp. Men, pou mwen menm, se kòmsi li t'ap di : « Se kòb la ki enterese nou. » Mis la te eseye konsole nou. Li te di : « Pa twouble tèt ou, tande ? Tibebe a poko menm fòme. Kote ou ye a, sa k' nan vant ou se san ak bout chè sèlman, anyen ankò. »
Yon bon jou, Jezi te di pawòl sa a : « Poukisa n’ap plede rele Mwen : Mèt, Mèt… » (Lik 6.46). Chè zanmi m’, ann fè yon ti kout meditasyon sou kisa pawòl sa a vle di. Lè yon moun di : « Mèt, Mèt… » oubyen, « Senyè, Senyè…» , kisa yo vle di ?